Asanble Espirityèl yo (#7633)

*Nenpòt lè nou antre nan sal konsèy la, se pou nou resite priyè sa a avèk yon kè k’ap bat fò avèk lanmou pou Bondye ak yon lang ki pwòpte kont tout bagay sof souvni Bondye, pou pèmèt Sila a Ki Gen Tout Pouvwa a ede nou avèk gras Li pou jwenn viktwa siprèm nan.
O Bondye, Bondye mwen! Nou se sèvitè Ou ki te vire avèk devouman nan direksyon Figi Sakre Ou a, nou te detache nou ak tout bagay esepte Ou menm nan Jou gloriye sa a. Nou reyini nan Asanble Espirityèl sa a, ini nan opinyon ak nan panse nou yo, epi nou pataje yon sèl objektif pou egzalte Pawòl Ou pami limanite. O Senyè, Bondye nou! Fè nou vin siyn ki montre Direksyon Diven Ou an, Drapo pou Fwa Egzalte Ou a pami lèzòm, sèvitè pou Alyans pisan Ou an, O Ou menm Senyè Ki Pi Wo a, egzanp pou Linite Diven Ou an nan Wayòm Abhá Ou a, ak zetwal k’ap klere sou tout rejyon yo. Senyè! Ede nou tounen tankou lanmè yo k’ap monte anba gwo van Gras mèveye Ou yo, sous k’ap koule desann soti nan Otè tout gloriye Ou yo, bon fwi ki nan Pyebwa Koz diven Ou a, pyebwa k’ap balanse anba dous briz Bonte Ou nan Jaden Rezen selès Ou a. O Bondye! Fè nanm nou swaf Vèsè yo ki soti nan Linite Diven Ou an, fè kè nou rejwi akoz inondasyon Gras Ou yo, pou pèmèt nou ini tankou vag nan yon sèl lanmè e vin kole ansanm tankou reyon Limyè briyan Ou an; pou pèmèt panse nou, opinyon nou, santiman nou vin yon sèl reyalite, k’ap montre lespri linite a toupatou nan mond la. Se Ou menm Ki Plen Gras, Ki Plen Bonte, Ki Bay san rete, Toupisan an, Mizèrikòdye a, Sila a Ki Gen Yon Kè Sansib.

-`Abdu'l-Bahá
-----------------------

Asanble Espirityèl yo (#7634)

*Reyini nou ansanm avèk yon jwa ki pa gen tach, e nan kòmansman reyinyon an, resite priyè sa a:
O Ou menm Senyè Wayòm nan! Menm si kò nou rasanble isi a ansanm, men fòs lanmou Ou ap lemante kè nou pote yo ale, epi reyon limyè figi Ou genyen ap transpòte lespri nou ale. Menm si nou fèb, n’ap tann revelasyon pisans ak pouvwa Ou. Menm si nou pòv, e nou pa gen byen materyèl ni mwayen, kanmenm nou pran richès nan trezò Wayòm Ou an. Menm si nou tankou gout dlo yo, men nou toujou ap pran nan pwofondè Oseyan Ou yo. Malgre se lonbraj nou ye, kanmenm nou klere nan glwa Solèy briyan Ou an.
O Ou menm Ki okipe bezwen nou! Voye desann èd Ou, pou pèmèt nou chak ki reyini isi a kapab tounen yon bouji ki limen, nou chak kapab vin yon leman k’ap atire lòt moun, nou chak kapab envite pèp yo rantre nan wayòm selès Ou a, jiskaske alafen nou fè mond materyèl sa a reflete imaj Paradi Ou a.

-`Abdu'l-Bahá
-----------------------

Asanble Espirityèl yo (#7635)

*Priyè pou di nan fen reyinyon Asanble Espirityèl la.
O Bondye! O Bondye! Depi nan wayòm linite Ou a ki envizib, voye yon rega sou nou menm ki reyini nan rankont espirityèl sa a - nou kwè nan Ou, nou gen konfyans nan siyn Ou yo, nou fèm nan Alyans ak Testaman Ou, atire nan direksyon Ou, limen ak dife lanmou Ou epi nou sensè nan Koz Ou a. Nou se sèvitè nan jaden rezen Ou an, kwayan k’ap gaye relijyon Ou, fidèl devwe ki adore bèlte Ou, ki mete nou ba devan byeneme Ou yo e piti devan pòt Ou a; n’ap sipliye Ou pou ranfòse nou nan sèvis moun Ou te chwazi yo, pou ban nou sipò lame envizib Ou yo, pou mare senti nou nan sèvis Ou, pou fè nou tounen sèvitè ki soumèt yo ak otorite Ou, ki zele nan adore Ou, k’ap toujou lapriyè Ou. 
O Senyè nou! Nou fèb, se Ou menm Ki Pisan, Ki Plen Pouvwa. Nou manke lavi, se Ou menm Ki gran Lespri a, K’ap bay lavi. Nou nan nesesite, se Ou menm Ki Soutni tout bagay, Ki Plen Pouvwa.
O Senyè nou! Fè nou vire figi nou nan direksyon vizaj mizèrikòdye Ou a, nouri nou nan tab selès Ou a avèk gras Ou k’ap debòde a, ede nou avèk lame zanj siprèm Ou yo epi fè nou fèm avèk sipò sen Ou yo ki nan Wayòm Abhá a. 
An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, Ki Mizèrikòdye. Se Ou menm Ki Posede gran bonte a, e, an verite, se Ou menm Ki Padone, Ki Plen Gras.

-`Abdu'l-Bahá
-----------------------

